ESPAS
ESPAS se yon sakreman pou ekzesis spirityel, refleksyon, ak konsyans.
Isit la, nou pran tan pou nou ralanti, pou nou koute sa k ap pale anndan nou,
epi pou nou fè travay enteryè a ak verite, prezans, epi respè.
Chak epizòd se yon envitasyon pou antre pi fon nan tèt ou, nan kè ou, ak nan lespri ou.
ESPAS egziste pou ede w sonje kiyès ou ye, pou w fè lapè ak sa ou te ye,
epi pou w mache pi djanm nan sa w ap vin tounen.
ESPAS se pou tout liminè k'ap chèche lapè anndan, fòs espirityel,
ak yon fason pou leve kanpe nan lavi a sanw pa derasinin.
Nou antre anndan.
Nou fè travay la.
Nou leve kanpe djanm.
Avèk Bettia Prinston
Ayibobo.
ESPAS
Byenveni Nan ESPAS
Mwen kontan ou la avèk mwen nan ESPAS. 🫂
Byenveni nan ESPAS
yon podcast an kreyòl pou travay entèryè, refleksyon, ak ekzesis spirityèl.
Trailer sa a se yon envitasyon
pou ralanti,
pou koute sa k ap pale anndan ou,
epi pou antre nan yon espas ki pa prese geri,
ki pa fòse vin saw pa yé.
men ki mache ak verite ak prezans.
ESPAS se yon retou, pa yon separasyon.
Yon kote pou respire.
Yon kote pou fè travay la pa etap.
Nou antre anndan.
Nou fè travay la.
Nou leve kanpe djanm.
Ayibobo.
ESPAS se yon podcast an kreyòl pou travay enterye, ekzesis spirityel, ak refleksyon pwofon.
Se yon espas sakre pou moun k ap chèche lapè anndan, gerizon, ak koneksyon ak lespri yo.
Nan chak epizòd, nou ralanti, nou koute anndan, epi nou fè travay la ak konsyans ak verite.
Nou antre anndan.
Nou fè travay la.
Nou leve kanpe djanm.
Ayibobo.