Podcast Background Image
ESPAS  Artwork

ESPAS

ESPAS se yon sakreman pou ekzesis spirityel, refleksyon, ak konsyans.

Isit la, nou pran tan pou nou ralanti, pou nou koute sa k ap pale anndan nou,

epi pou nou fè travay enteryè a ak verite, prezans, epi respè.


Chak epizòd se yon envitasyon pou antre pi fon nan tèt ou, nan kè ou, ak nan lespri ou.

ESPAS egziste pou ede w sonje kiyès ou ye, pou w fè lapè ak sa ou te ye,

epi pou w mache pi djanm nan sa w ap vin tounen.


ESPAS se pou tout liminè k'ap chèche lapè anndan, fòs espirityel,

ak yon fason pou leve kanpe nan lavi a sanw pa derasinin.


Nou antre anndan.

Nou fè travay la.

Nou leve kanpe djanm.


Avèk Bettia Prinston

Ayibobo.




ESPAS