ESPAS

Travay Enterye: Sa Li Ye Vreman, E Poukisa Li Chanje Tout Bagay Episode

Bettia Prinston Season 1 Episode 1

Mwen kontan ou la avèk mwen nan ESPAS. 🫂

Travay Enterye: Sa Li Ye Vreman, E Poukisa Li Chanje Tout Bagay


Nan epizòd sa a, nou antre nan kè travay enteryè a; pa kòm yon konsèp, men kòm yon eksperyans vivan.


Nou pale de sa travay enterye ye vrèman,

poukisa li pa toujou konfòtab,

epi kijan li ka vin pi gwo zouti gerizon ak libète nan lavi ou.


Sa a se yon envitasyon pou w:

• ralanti

• koute sa k ap pale anndan ou

• epi sispann kouri kite tèt ou


Nan ESPAS, nou pa prese geri.

Nou pa fòse vin tounen.

Nou fè travay la ak verite, souf, ak konsyans.


Nou antre anndan.

Nou fè travay la.

Nou leve kanpe djanm.


Ayibobo.

ESPAS se yon podcast an kreyòl pou travay enterye, ekzesis spirityel, ak refleksyon pwofon.

Se yon espas sakre pou moun k ap chèche lapè anndan, gerizon, ak koneksyon ak lespri yo.


Nan chak epizòd, nou ralanti, nou koute anndan, epi nou fè travay la ak konsyans ak verite.


Nou antre anndan.

Nou fè travay la.

Nou leve kanpe djanm.


Ayibobo.